Nan atik sa, Lafwa ak Kè Kontan se tradiksyon nan lang kreyòl, non « Foi et Joie Haïti ». Mo « miwo miba » a vle di inegalite. Se yon travay refleksyon ki vle sèlman, mete pi klè nan lang ayisyen an fason nou konprann edikasyon popilè, nan enstitisyon sa.
Chak jou pi plis, pwoblèm ayisyen an ap dejenere. Anpil moun pèdi espwa nan yon meyè avni pou Ayiti. Sa ki pa epanye okenn sektè, nan sosyete a, espesyalman sistèm edikatif peyi a. Sa pa anpeche anpil inityativ ki pwomèt pran, pou rezoud pwoblèm sa yo ki egziste. Sitou kèk òganizasyon, nan sosyete sivil la, k ap travay pou amelyore tanzantan kondisyon lavi moun. Se nan yon kontèks konsa, yon enstitisyon, tankou Lafwa ak Kè Kontan kreye, nan lane 2006. Nan tout entèvansyon l yo, nan domèn edikasyon, l ap batay pou yon jistis sosyal ki mache men nan men ak edikasyon popilè. Se pa san rezon, kote lekòl Lafwa ak Kè Kontan yo ye a, jeneralman, se kote ki pa gen bon wout ak tout mwayen ki nesesè pou moun yo viv. Sanble sa makonnen ak reyalite oubyen vizyon ki travèse nan edikasyon popilè a. Pandan n ap konsidere ansanm definisyon edikasyon sa, nou ap mande nou, kisa li ye menm ? Kisa sa vle di menm, pou Lafwa ak Kè kontan, lè yon moun nan enstitisyon sa ap pale sou koze sa? Kijan li kapab ede konbat ak sosyete miwo miba sa, ki se mak fabrik peyi d Ayiti ?
Plizyè lide kapab monte nan tèt yon moun, ki tande yon mo tankou edikasyon popilè. Daprè youn nan moun ki travay sou sa, ki se Pérez Esclarín Antonio (Pérez Esclarín, 2003), lide yo chita sitou sou senk (5) sans diferan adjektif popilè a ta genyen. Premye a fè referans ak yon imaj ki se pèp. Sa ki ta vle di, daprè konsepsyon sa, tout edikasyon se yon bagay popilè. Pa gen yon edikasyon ki pa popilè nan sans sa. Konsa, edikasyon fòmèl ki se yon bagay ki fèt sou baz yon enstitisyon, oubyen yon edikasyon ki pa fèt sou baz enstitisyon, tankou alfabetizasyon, tout antre nan premye sans sa. Dezyèm sans lan, se yon edikasyon ki pa mande lajan pou w peye l, se pa yon bagay prive. Sa ki ta vle di se yon bagay piblik epi ki gratis. Twazyèmman, se yon edikasyon yo bay ak moun ki pa gen mwayen yo (pòv) tankou peyizan yo, sila yo ki rete nan bidonvil yo oubyen ki pa gen aksè ak sèvis nesesè yo ta dwe jwenn. Katriyèmman, se yon bagay ki pa gen valè pase sa, ki pa koute gwo lajan. Dènye sans lan, se yon edikasyon ki la sèlman pou bay ak granmoun epi ki pa fèt sou baz yon enstitisyon.
Nan tout sans sa yo nou sot detaye a la, nan Lafwa ak ak Kè Kontan ki se yon mouvman edikasyon popilè, twazyèm sans lan, sanble ak fason nou konprann edikasyon popilè nan enstisyon sa. Se pa san rezon, pi fò lekòl l ap asiste oubyen li genyen yo, se nan zòn ki difisil yo ye. Kote aksè ak sèvis ki nesesè yo pa fasil. Se yon reyalite ki pa diferan anpil kote nan peyi a, kote chak jou pi plis diyite moun yo ap degrade. Konsa fòm edikasyon sa, tabli sitou nan zòn difisil sa yo, pou konbat tout sa ki pa jis nan sitiyasyon moun sa yo ap viv la. Kreye lekòl, oubyen lòt pwogram tankou sa Lafwa ak Kè Kontan mete sou pye nan zòn sa yo, se tankou lespwa k ap plante chak jou pi plis. Dayè se sa k fè modèl edikasyon sa plis chita sou yon volonté pou transfòme, jis pou bay yon posibilite parapò ak pwoblèm k ap boulvèse Ayiti, ki se yon peyi ki toujou an mouvman. Tout mouvman sa yo, pèmèt nou wè ak ki vitès reyalite a tou ap chanje tanzantan.
Reyalite peyi a, ki pa rete yon sèl kote a, gen posibilite pou transfòme ak edikasyon popilè a. Tankou nou kapab konstate l, peyi a konnen anpil chanjman, ki pa fin pozitif. Sa ki bay plis fòs ak inegalite sosyal yo, k ap vale teren nan tout peyi a. Youn nan bagay ki enpòtan, edikasyon popilè a fè a, se travay sou konsyans chak moun k ap aprann. Daprè Irène Pereira (Pereira 2021) kesyon konsyantizasyon an, se senkyèm prensip edikasyon sa, ki pèmèt nou fè kat (4) travay avan, ki se konnen reyalite moun k ap aprann lan, kesyone reyalite sa, dyalòg ant moun k ap aprann lan ak edikatè a, chèchè kontradiksyon ki genyen yo pou depase yo. Sa ki vle di, tout demach sa yo, bay plis posibilite ak moun k ap aprann lan pou konprann, epi chanje reyalite lavi l. Yon transfòmasyon ki ap redwi, chak jou pi plis, dimansyon miwo miba a, ki defini tout pwoblèm peyi a. Se youn nan zam ki ka kontribiye nan chanjman nou swete a, san nou pa batay, ni mete pèsonn akote. Sèlman, pozisyon edikasyon sa, se mete aksè pou tout moun san distenksyon.
Nou rive wè, edikasyon popilè a, se yon mo ki gen plizyè sans. Men youn nan konsepsyon sa yo, ki se bay tout moun aksè a, mache men nan men ak pratik ki genyen, nan Lafwa ak Kè kontan nan peyi d Ayiti. Se pi bon mwayen pou konbat inegalite sosyal yo, ki kontribiye chak jou, nan degradasyon sitiyasyon peyi a. Yon sosye miwo miba pa bay lòt bagay, sèlman sa n ap viv nan moman yo la. Poutan nan lòt posibilite a ki se edikasyon popilè a, se volonté pou transfòme ki kache dèyè l. Youn nan mwayen nou genyen ki kapab tanmen chanjman nou swete a, kote nou ap rive, nan yon sosyete egal ego.
Otè: Rubens Augustin
Referans bibliyografik
PEREIRA Irène (2021). « Petit manuel d’éducation populaire conscientisante », Éditions Les cahiers de pédagogies radicales- Collection : Opuscules, Petit-manuel-deducation-populaire-conscientisante.pdf (hypotheses.org)
PÉREZ ESCLARÍN Antonio (2003). L’éducation populaire et sa pédagogie, Collection programme international de formations d’éducateurs populaires, Editions Fédération Internationale de Foi et Joie, Caracas.
