+509 28 12 1232

Login

Sign Up

After creating an account, you'll be able to track your payment status, track the confirmation.
Username*
Password*
Confirm Password*
First Name*
Last Name*
Email*
Phone*
Contact Address
Country*
* Creating an account means you're okay with our Terms of Service and Privacy Statement.
Please agree to all the terms and conditions before proceeding to the next step

Already a member?

Login
+509 28 12 1232

Login

Sign Up

After creating an account, you'll be able to track your payment status, track the confirmation.
Username*
Password*
Confirm Password*
First Name*
Last Name*
Email*
Phone*
Contact Address
Country*
* Creating an account means you're okay with our Terms of Service and Privacy Statement.
Please agree to all the terms and conditions before proceeding to the next step

Already a member?

Login

Travay nou

Yon rezo nasyonal

Nou akonpaye yon rezo ki genyen 16 lekòl preskolè, 12 lekòl fondamantal, 2 lekòl sekondè, ak 1 enstiti siperyè. Ak plis pase 4,500 elèv, nou prezan nan 5 depatman. Nan Nodwès la, nou gen lekòl nan sis lokalite nan zòn Jan Rabèl : Akadyen, Kolèt, Koton, Djondjon, Fon Ramadou, ak Gwo Sab. Nan Nodès la, nou gen lekòl nan zòn Wanament (Bedou ak Basen Gran Chemen), Kapoti (Welch), ak Karis. Nan depatman Lwès, nou gen lekòl Kanaan, Kazo ak Balan (zòn Gantye). Nan Sidès la, se Lamontay ak Aregi (zòn Jakmel). Epi nan Grandans la, nou gen yon lekòl Dezòmo (zòn Dam Mari).

Akse ak kalite

Nou travay nan kominote defavorize, sitou an deyò. Nou fòme pwofesè yo pou ede yo amelyore pedagoji yo. Nou fè sa an kolaborasyon ak òtòrite nasyonal ak lokal yo, ansanm ak lòt patnè ankò, tankou inivèsite yo. Apa lekòl yo ki nan rezo nou an, nou fòme pwofesè lòt lekòl tou, sitou sa k travay nan lekòl nasyonal yo. Nou fè sa atravè enstiti siperye nou an, ak ekip nasyonal pedagoji nou an.

Edikasyon entegral

Apa edikasyon fomèl la, nou bay elèv nou yo yon fòmasyon entegral. Depandan posibilite finansman, lekòl nou yo ofri pwogram spò, mizik, ak spirityalite. Nou fòme bon moun ak bon sitwayen, k ap viv bon jan valè tankou ekite fi ak gason, ak sèvis benevòl nan kominòte a. Gen nan lekòl nou yo ki gen sikològ skolè tou. Yo konn akonpaye elèv yo, pwofesè yo ak tout fanmi yo.

Angajman kominotè

Lekòl nou yo konte sou patisipasyon aktif asosyasyon paran yo. Apre sa tou, nou kòmanse enplemante kèk aktivite pwodiktif k ap ka ede fanmi yo kreye richès, pandan yo ede lekòl yo vin pi endepandan. Lè nou fè pwoje devlopman sa yo, nou konn priyorize pwoje k ap bon pou anviwonman an.

“Endikatè” ki pi enpòtan pou n konnen si n ap fè yon enpak :

KÈ KONTAN timoun yo!

%d blogueurs aiment cette page :